Kòman ou ka fè pwosesis viza etidyan Brésil

Pwosesis viza etidyan Brésil se pa yon Pwosesis ki konplike depi w gen yon moun ki Brésil ki kapab fè dokiman wap bezwen ki pou soti Brésil.

Mwen wè majorite Ayisyen panse regle yon pwosesis viza pran lajan se pa vre se moun kap regle l pou ou a ki pran yon frè ki twòp a koz sitiyasyon peyi a ki konplike . Pri viza Brésil se 100$ li ye selman. 

Lis dokiman wap bezwen: 

Wap bezwen yon lèt admisyon nan yon lekol pwofesyonèl oubyen inivèsite nan yon lekol ki rekonèt . 

Wap bezwen yon lèt de sipò nan men Brésil Lan ki asepte sipòte w pandan etid Lan. 

Wap bezwen 3 dènye mwa extrè Bankè moun ki Brésil Lan.  

Pou ou menm ki Ayiti wap bezwen paspò w , yon bout foto,  act de naissance oubyen extrè,  kasye jidisyè ki ka fèt nan tribinal premye enstans Ayiti,  yon CV , "diplôme étude secondaire" ak yon itinerè de vwayaj. Plis frè viza a kise 100$

Se selman dokiman Sa yo wap bezwen.

Si w gen dokiman Sa yo ou gen yon moun ki Brésil ou ka jere Sa.  Selman randevou yo pa konn pre.  

Anpil nan nou konnen sitiyasyon peyi a ye a nan zafè dosye Sa yo. 

Kòman ou ka fè pwosesis viza etidyan Brésil

6 mois 10 Vues
Catégorie: